Lendi kite 30 jwen 2025 la, jij ki syeje nan Lakou d Apèl Pòtoprens yo bay lòd pou libere yon dam k ap travay lakay kriminèl ki rele Vitelòm nan. Li te jwenn arestasyon l nan Tòsèl pandan Lapolis t ap fè yon pèkizisyon nan zòn sa a. Selon Lakou a, pa gen okenn kote ki ka pwouve domestik sa a konn patisipe nan aktivite kriminèl.
Sa gen kèk semèn depi teworis ki rele Vitelòm nan nan mawon aprè Lapolis te fin kouri dèyè l nan Plèn nan.