“Malgre mwen gen yon paspò diplomatik ki make “fils du Président”, Joverlein presize nan mikwo Guy Wewe. Li eksplike sekirite Anbasad la li se pitit Prezidan an, sil soti yap touye l, li chita devan anbasad la depi 4è nan maten rive 2è nan aprèmidi, yo pa janm resevwal, jiskaske li ale. Yo kitem deyò a, avèk yon timoun 3 lane nan menm, yo pa janm resevwa m. Se lè sa mwen vin pè”, se deklarasyon Joverlein Moïse, pitit prezidan Jovenel ki fè konnen aprè lanmò papa l.
Joverlein Moïse fè konnen nan moman dram nan, li te gen 16 ajan sekirite avè l.





















