Gras ak sipò plizyè Ayisyen ki te touche pa maladi li a ak sipò medya yo, Matiado Vilmé reyisi ranmase anviwon 20 000 dola ameriken pou l kapab al swiv tretman kont kansè nan kolon k ap ba li pwoblèm nan. Jounalis Lavwadlamerik la remèsye tout moun ki te kontribye pou pèmèt li deplase kite peyi a, pou al pran swen aletranje. Konsè a di li espere lap tounen nan yon ti tan ki pa twò long, pou l ka vin kontinye travay sou teren an kòm jounalis.
Matiado kap goumen ak kansè sa depi kèk tan, mande tout moun kontinye leve li nan lapriyè, pandan lap travèse moman difisil sa a nan lavi l.




















