Washington akize prezidan venezyelyen an, Nicolas Maduro Moros kòm trafikan dwòg ak moun k ap fè konspirasyon nan rejyon an. Selon yon avi rechèch yo mete deyò, gouvènman ameriken an di nenpòt moun ki fè yo pran Maduro y ap ba l 25 milyon dola kòm prim. Yo di Nicolas Maduro se chèf yon katèl dwòg ki rele Los Soles.
Ameriken ap kreye tout estrateji pou yo konbat chèf Leta venezyelyen an.





















