Jiska 3 milyon dola ameriken, se kantite lajan anbasad amerikèn pwomèt pou l bay moun ki ede yo jwenn enfòmasyon sou moun k ap finanse gang Viv Ansanm nan nan Lwès ak Gran Grif nan Latibonit. Anbasad la di, gwoup gang sa yo enplike nan ekstòsyon, kidnaping pou mande lajan, trafik zam ak dwòg. Anbasad amerikèn sanble pa konn kote finansman gang yo sòti.
Anplis lajan anbasad la pwomèt la, yo di moun ki fè yo jwenn enfòmasyon yo bezwen yo ap relokalize tou.













