Day: <span>September 15, 2026</span>

437 moun arete nan Nò epi plizyè zam sezi pou

Lapolis nan depatman Nò a prezante bilan operasyon li yo pou mwa dawout 2026 la. Daprè pòt pawòl Polis depatman Nò a, Arold Jean, fòs lòd yo arete 437 moun nan plizyè zòn nan depatman an. Selon pòtpawòl la, kèk nan arestasyon sa yo fèt nan kad operasyon pou verifye pyès idantite sitwayen yo. Lapolis […]Lire plus...

Wilner Joseph pa konn ki kote Desalin fèt

Wilner Joseph, kandida pou pòs prezidan anba banyè pati Fils-Aimé ap sipòte a ki se Viktwa etone anpil moun aprè yon deklarasyon li fè nan Site Endepandans lan. Kandida pou prezidan an deklare vil Gonayiv se la Jan Jak Desalin fèt, sa ki pa gen anyen pou wè ak reyalite a. Yon deklarasyon ki montre […]Lire plus...

Austin Holmes nome kòm anbasadè Etazini an Ayiti

Prezidan ameriken an, Donald Trump nome Austin Holmes kòm nouvo anbasadè Etazini an Ayiti. Nominasyon an fèt nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak yon gwo kriz sekirite, pandan vyolans gang ame yo kontinye afekte plizyè zòn nan peyi a. Austin Holmes pral jwe yon wòl enpòtan nan relasyon ant Washington ak Pòtoprens, […]Lire plus...

Kokorat San Ras ak Gran Grif retounen atake Sen Michèl

Bandi Kokorat San Ras ak Gran Grif atake zòn Mamon/Pòl, 7e seksyon kominal Sen Michèl Latalay, nan depatman Latibonit, maten madi 15 septanm nan. Daprè enfòmasyon nou jwenn nan men kèk abitan, atak la fè plizyè viktim pami peyizan yo. Gen moun ki mouri, pandan lòt moun blese ak kout bal. Atak sa a fèt […]Lire plus...

Abinader rejte Kreyòl ayisyen nan lekòl Sendomeng yo

Prezidan dominiken Luis Abinader rejte yon pwopozisyon lejislatif ki ta mande pou anseye anglè, fransè ak kreyòl ayisyen nan sistèm edikatif dominiken an. Abinader fè konnen gouvènman li an entèrese ranfòse ansèyman anglè, men li pa dakò ak lide pou mete Kreyòl ayisyen nan lekòl dominiken yo. Li konsidere pwopozisyon sa a kòm yon bagay […]Lire plus...

Rafael Guerrero akize nan lanmò Jovenel Moïse

Pwokirè federal ameriken yo akize Rafael Guerrero nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, ki te mouri 7 jiyè 2021 nan rezidans li nan Pèleren 5. Daprè tribinal la, Guerrero ta patisipe nan reyinyon kote yo t ap prepare yon operasyon pou ranvèse Jovenel Moïse. Yo akize l tou dèske li […]Lire plus...

Contact Us