Prezidan dominiken Luis Abinader rejte yon pwopozisyon lejislatif ki ta mande pou anseye anglè, fransè ak kreyòl ayisyen nan sistèm edikatif dominiken an. Abinader fè konnen gouvènman li an entèrese ranfòse ansèyman anglè, men li pa dakò ak lide pou mete Kreyòl ayisyen nan lekòl dominiken yo. Li konsidere pwopozisyon sa a kòm yon bagay ki pa rezonab.
Deklarasyon prezidan an fèt lendi a pandan li t ap reponn kesyon sou inisyativ lejislatif la.













