Aprè dezisyon DHS pran pou koupe TPS ayisyen yo, prezidan ameriken an deklare anviwonnman peyi a estab e Ayisyen yo ka retounen lakay yo. Nan sans sa a, li gen rezon paske: Jeff Gwo Lwa sòti Kanaran li ale Lachapèl anyen pa rive l, Krisla òganize grèv ak manifestasyon Kafou, anyen pa rive l, Didi sòti Kenskòf ak yon cha desann Fontamara anyen pa rive l, Taliban yo gen yon radyo k ap fonksyone Mibalè, plizyè fonksyonè nan Lapolis fè pati Viv Ansanm.
Pou tout rezon sa yo, Donald Trump gen rezon lè l di anviwonnman sekirite peyi a kòrèk e ayisyen ka retounen viv Ayiti.