Gad Kòt peyi Etazini rapatriye 63 migran nan Repiblik Dominikèn apre otorite yo te arete yon bato nan Kanal Mona a, nan zòn ant Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko. Pami migran yo, te gen 7 Ayisyen ak 56 Dominiken. Bato a te gen 66 moun abò, pandan 3 lòt moun rete anba gad otorite federal ameriken […]Lire plus...
Plizyè fanmi desann nan lari byen bonè maten madi 20 oktòb 2026 la pou eksprime dezakò yo ak moun ki di y ap dirije peyi a kounye a. Selon pwotestatè sa yo ki nan kan deplase anndan Dèlma 33, kondisyon lavi yo pa bon, yo bezwen deplase kite espas sa a. Yo denonse gouvènman an […]Lire plus...
Anbasadè ameriken an nan Nasyonzini, Mike Waltz, voye yon mesaj dirèk bay chèf gang k ap opere an Ayiti yo. Li fè konnen epòk kote yo te konn aji san yo pa sibi konsekans pou zak yo dwe rive nan bout li. Pou chèf gang k ap teworize Ayiti yo, jou kote n ap aji […]Lire plus...
Dapre enfòmasyon ki soti nan temwayaj ki fèt nan tribinal la jodi a, James Solages deklare ansyen senatè Youri Latortue te ba li garanti li t ap kolabore avè l, paske li te pè pou gouvènman ansyen prezidan Jovenel Moïse la pa touye li. Daprè eleman ki rapòte nan temwayaj la, se mesaj sa a […]Lire plus...
Gwoup gang Savyen an atake sant vil Ti Rivyè Latibonit la byen bonè nan maten lendi 19 oktòb 2026 la, daprè temwayaj kèk rezidan. Daprè premye eleman enfòmasyon yo, gang yo ta pran kontwòl plizyè zòn, pami yo Mòn Fò ak Krèt-a-Pyèwo. Atak sa a fèt nan yon kontèks kote vyolans gang yo ap ogmante […]Lire plus...
Plizyè gwoup dominiken anonse manifestasyon madi 20 oktòb 2026 la nan Santiago, pou pwoteste kont match Violette Athletic Club la, ekip ayisyen an, dwe jwe nan estad Cibao a. Pami òganizasyon ki lanse apèl pou mobilizasyon an, gen Antigua Orden Dominicana. Daprè afich òganizasyon an pibliye a, rasanbleman an fikse pou 4è nan apremidi, bò […]Lire plus...
Yon fanm ansent pèdi bebe li aprè li pa t jwenn pèsonèl medikal nan Sant Sante Akil-dè-Pen an pou ede l akouche. Daprè enfòmasyon Acul-des-Pins Moderne & Innovation rapòte, fanm nan te oblije pran direksyon Lopital Wanament pou chèche swen, men li akouche sou wout la epi tibebe a pa t siviv akoz twòp tan. […]Lire plus...
Violette Athletic Club VAC anonse li resevwa yon kominike nan men CONCACAF ki fè konnen li pa kapab jwe match retou demi final la kont ekip jamayiken Portmore United nan estad Cibao, nan vil Santiago, ann Repiblik Dominikèn. Nan yon nòt pou laprès, komite egzekitif klèb ayisyen an fè konnen desizyon sa a vini aprè […]Lire plus...
Yon kontra plizyè milyon dola pou founi zam ak minisyon bay Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) soulve gwo kesyon sou jesyon lajan piblik la. Nan yon ankèt Miami Herald rapòte, plis pase 7 milyon dola ameriken nan lajan gouvènman ayisyen an te peye pou kontra a poko jwenn yon eksplikasyon klè sou kote yo ye. […]Lire plus...
Jiska 9è nan aswè dimanch 18 oktòb 2026 la, gen 5 sòlda salvadoryen ki fè pati Fòs Represyon Gang yo ki an difikilte nan Plèn nan selon enfòmasyon kèk sous nan Lapolis la pataje. Mesye sa yo te nan yon zo reken e yo te antre nan yon makèt, se la bandi ta pral sène […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
