Ansyen direktè Imigrasyon ak Emigrasyon an, Stéphane Vincent rann ofisyèl kandidati li kòm pou pòs depite Petyonvil. Stephane Vincent ki prale kòm kandida endepandan remèsye anviwon 5000 moun ki ede l rive akonpli misyon sa a. Fondatè mouvman Tab Relèv Nasyonal la valide enskripsyon li nan KEP a jounen jedi 22 oktòb 2026 la. Stephane […]Lire plus...
Seleksyon nasyonal ayisyen an ap finalman ap jwe match ale li kont Etazini nan kad Lig Nasyon CONCACAF la, 14 novanm 2026, nan vil Miami, nan eta Florid, Ozetazini. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, Federasyon Ayisyen Foutbòl la (FHF) te fè demach bò kote CONCACAF pou jwenn otorizasyon pou òganize rankont sa a nan Miami. […]Lire plus...
Nan kad pwosè sou asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse la, echanj telefòn FBI te analize ta montre Mèt Caleb Jean-Baptiste te rankontre ak kèk moun ki enplike nan konplo a. Enfòmasyon sa a soti nan analiz kominikasyon telefòn ki antre nan eleman ankèt sou asasina ansyen chèf Leta a. Dekouvèt sa a mete yon […]Lire plus...
Gouvènman ayisyen an finalman soti nan silans li sou disparisyon 4 sòlda salvadoryen nan Santo, Pòtoprens, aprè prezidan Salvador a, Nayib Bukele, te pran pozisyon fèm kont gang ame yo nan peyi a. Nan yon kominike ki pibliye mèkredi 21 oktòb 2026 la, Primati a fè konnen dosye disparisyon sòlda yo reprezante yon priyorite absoli […]Lire plus...
Men mesaj Nayib Bukele, prezidan Salvadoryen an ekri sou X: “Mesye nou kidnape yo pa konbatan. Yo se teknisyen nan domèn avyasyon ki fè pati misyon entènasyonal nou an Ayiti. Misyon nou an gen sèlman pilòt ak pèsonèl teknik, ki gen kòm travay prensipal fè evakyasyon medikal epi sove lavi moun, pa fè lagè. Men, […]Lire plus...
Laury Lacombe, alyas Ti Kreyòl ki gen 22 zan, prezan nan Pakè Pòtoprens mèkredi 21 oktòb 2026 la, nan kad yon dosye ki melanje li ak chèf gang Ralph Woodmyr Louissaint, alyas « Chalè ». Jèn fanm nan te arete 1ye out 2026 nan Dèlma 75, daprè enfòmasyon ki disponib sou dosye a. Arestasyon li […]Lire plus...
4 sitwayen Ayisyen, Wilbert Jean Baptiste, Louis Jean, Jhensly Charles ak Rubstony Junior Theodore, fè pati moun otorite imigrasyon amerikèn arete nan kad yon operasyon nasyonal ki vize imigran yo sispèk ki te jwenn benefis alimantè SNAP nan kondisyon ilegal, daprè chèn televizyon Fox News. Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) konfime ICE lanse operasyon sa […]Lire plus...
Yon direktè lekòl nan depatman Nò a ap fè fas ak gwo kritik sou rezo sosyal yo apre yon videyo ki montre li ap “gouye” nan dèyè yon elèv ki an inifòm lekòl la. Imaj sa yo pwovoke anpil reyaksyon nan mitan sitwayen yo, ki denonse konpòtman yo konsidere kòm endesan nan yon anviwònman edikatif. […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti, avèk sipò Task Force la, lanse depi byen bonè nan maten yon operasyon kont gang ame 400 Mawozo nan Kwadèboukè. Daprè enfòmasyon plizyè medya lokal, operasyon an vize plizyè pozisyon sispèk bandi yo, avèk itilizasyon dròn kamikaz ak elikoptè. Frap yo ta fèt nan plizyè zòn nan bastyon gang nan, ki […]Lire plus...
Yon chofè moto ta blese anba kout kouto nan vil Kap Ayisyen, madi 20 oktòb 2026 la. Daprè premye eleman enfòmasyon ki disponib yo, yon ajan sekirite minisipal enplike nan ensidan an. Aksyon sa a pwovoke kòlè nan zòn Site Lesko, kote plizyè moun pran lari pou manifeste mekontantman yo. Manifestasyon sa yo fèt nan […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
