Yon nouvo atak gwoup fèt sou komin Kenskòf pandan lannwit dimanch 13 pou rive lendi 14 septanm 2026 la. Kriminèl yo fè atak sa a nan lokalite Vyad 2, kote fòs lòd yo te antre an aksyon pou fè fas ak atak bandi yo. Daprè majistra Kenskòf la, Massillon Jean, fòs lòd yo rive repouse kriminèl yo pandan entèvansyon ki te dewoule nan lannwit lan.
Nouvo atak sa a ajoute sou ansanm menas ki kontinye mete Kenskòf anba gwo presyon sou plan sekirite. Poko gen bilan pou konnen ki dega teworis yo fè.













