Komisè gouvènman Miragwà n nan, Jean Ernest Muscadin, anonse li pare pou mete tèt li nan kous prezidansyèl la. Li fè konnen dokiman li yo deja pare pou pèmèt li antre nan pwosesis kandidati a. Nan yon entèvyou li bay lendi 14 septanm nan, Muscadin deklare li disponib pou sèvi peyi a, men li mete aksan […]Lire plus...
Yon videyo k ap sikile anpil sou rezo sosyal yo depi dimanch 13 septanm 2026 montre 2 timoun, yon tifi ak yon tigason, mare sou yon kabann pandan yon fanm ap bat yo. Timoun yo rele fanm nan « manman », men pa gen anyen ki konfime si se manman yo vre. Fanm nan fè […]Lire plus...
Fito Damour, yon ayisyen k ap viv nan peyi Kanada lanse platfòm Vòtpaw, yon inisyativ ki la pou sitwayen ayisyen kapab jwenn bon jan enfòmasyon sou dwa yo ak devwa yo. Se yon platfòm k ap bay enfòmasyon sou dwa ak devwa chak grenn ayisyen nan kat kwen mond lan. Anplis de sa, platfòm sa […]Lire plus...
Yon nouvo atak gwoup fèt sou komin Kenskòf pandan lannwit dimanch 13 pou rive lendi 14 septanm 2026 la. Kriminèl yo fè atak sa a nan lokalite Vyad 2, kote fòs lòd yo te antre an aksyon pou fè fas ak atak bandi yo. Daprè majistra Kenskòf la, Massillon Jean, fòs lòd yo rive repouse […]Lire plus...
Petisyon sa a lanse 11 septanm 2026 e se enfliyansè “PM k ap pale” ki pran inisyativ la. Petisyon an mande pou TikTok, Facebook ak Instagram ranfòse mezi yo kont kontni gang yo ap pataje an Ayiti e li ale pi lwen pou mande siprime tout kont ki afilye ak gwoup gang yo. Nan petisyon […]Lire plus...
Plizyè Ayisyen ICE depòte ki rive Okap ap fè fas ak gwo difikilte, sitou pou jwenn kote pou yo rete ak mwayen pou yo retounen nan zòn kote yo soti. Daprè jounalis Love Mackendy Paul, kèk ladan yo ta menm oblije pase nwit yo nan lari. Malgre gouvènman ayisyen an bay chak depòte anviwon 10 […]Lire plus...
