Komisè gouvènman Miragwà n nan, Jean Ernest Muscadin, anonse li pare pou mete tèt li nan kous prezidansyèl la. Li fè konnen dokiman li yo deja pare pou pèmèt li antre nan pwosesis kandidati a. Nan yon entèvyou li bay lendi 14 septanm nan, Muscadin deklare li disponib pou sèvi peyi a, men li mete aksan sou volonte popilasyon an kòm youn nan eleman k ap detèmine desizyon li. Komisè a fè konnen si pèp la mande l pou l ale nan kous prezidansyèl la, li pa kwè okenn moun ap kapab anpeche l.
««Si yo bare m, pèp la ap deside. Popilasyon an ap ba yo repons», se deklarasyon Jean Ernest Muscadin.»













