Moun ki abite sou Wout Frè, sitou nan zòn Akademi Polis la ak lokalite ki nan anviwon yo pase yon move nwit sòti lendi 21 pou bout madi 22 jiyè 2025 sa a. Tout moun te oblije reveye epi mete yo alabri pou yo pa viktim. Nan zòn Grasyen, zago loray yo retounen mete dife lakay moun. Se toujou brigad siveyans yo ki anpeche sa pi mal.
Vitelòm jwenn ranfò nan Jeff Gwo Lwa ak Lanmò 100 jou pou poze zak san non sa yo.




















