Pandan Alix Didier Fils-Aimé t al desann figil devan blan Washington yo kòm chèf CSPN, okenn pèleren pat ka mete pye nan fèt chanpèt Sodo akoz ensekirite a. Nan plas pèleren nasyonal ak entènasyonal yo, tout moun te ka konstate teworis Babekyou ak Jeff Gwo Lwa devan chapèl la k ap simaye lajan bay pòv. Yon imaj ki pwouve tout moun k ap manje lajan pèp la nan moman an, se yon bann nil ak enkonpetan yo ye.
CSPN nan ak wo grade PNH la pa manifeste okenn volonte pou mete gang yo nan kanpe lwen.





















