Aprè sou-serekretè d Eta ameriken an, Christopher Landau te fin resevwa 2 mesye sa yo, yo t al geri bosko yo nan Mezon Blanch kote se yon anplwaye twazyèm ran ki akeyi yo nan ti pòt deyè. Yo pa rankontre okenn otorite ofisyèlman se mache fè foto ak kèk depite. Dosye sa a vin kòm yon ilimilyasyon diplomatik, sa vle di sou plan entènasyonal yo pa bay nèg defakto sa yo okenn valè.
Depi plizyè ane, diplomasi ayisyèn nan pa senbolize anyen devan plizyè peyi nan rejyon an.





















