Williamson Dossous, 50 lane, jwenn arestasyon l dimanch 13 jiyè 2025 lan pandan l t ap tante pran avyon pou antre Ayiti ak yon konntenè chaje zam. Depi mwa janvye, otorite yo t ap mennen ankèt sou kriminèl sa a ki konn ap voye konntenè Okap. Selon responsab yo, Dossous vlope zam sa yo nan papye aliminyòm e se sou non fanmi l ak zanmi l li achte yo men pa sou non pa l.
Lapolis federal entèdi misye vizite lokal transpòtasyon komèsyal e yo ba li kouvrefe pou l pa pran lari nonplis.




















