Gen plizyè moun ki viktim pandan atak sa a ki fèt sou komin Kenskòf, nan lokalite Bonga maten mèkredi 25 novanm 2026 la. Daprè temwanyaj plizyè temwen, gen moun ki mouri men yo paka bay chif epi gen plizyè lòt ki blese. Daprè majistra Jean Max Duvivier, poko gen yon bilan ki ka bay sou sa ki pase a men li konfime zak la e gen anpil kay ki boule.
Depi operasyon Pòtoprens yo, anpil teworis kite Kafou, y al kache nan tèt mòn yo pou yo kontinye fè reprezay sou inosan.















