Chantèz ayisyèn Bedjine mete yon nouvo mizik deyò madi 3 novanm nan, ki gen pou tit “J’avoue”, ansanm ak yon videyo ofisyèl. Nouvo pwodiksyon sa a deja disponib sou tout platfòm mizik yo. Nan mizik sa a, atis la pataje yon seri santiman ak verite li te kenbe anndan li pandan lontan. Se yon lòt fasèt nan karyè mizikal li, kote li montre yon bò ki pi entim, pi sansib e ki chaje ak emosyon. Haspen siyen konpozisyon enstrimantal la, pandan se Bedjine menm ki ekri pawòl mizik la. K-Dilak, bò kote pa l, responsab travay mixaj ak mastering la.
Avèk nouvo mizik sa a, Bedjine kontinye elaji repètwa mizikal li epi make yon lòt etap nan evolisyon karyè atistik li.













