Prezidan ameriken Donald Trump lanse yon lòt atak vèbal kont Ayiti. Yè samdi 24 oktòb 2026 la, pandan yon rasanbleman politik nan Perry, nan eta Georgia, li repete yon ekspresyon denigran li te itilize deja pou pale de kèk peyi, pami yo Ayiti, nan kad diskou li kont migran yo. Pandan li t ap atake senatè demokrat John Ossoff pou sipò li bay yon pwojè lwa ki vize pwoteje tanporèman Ayisyen k ap viv Ozetazini, Trump site Ayiti ansanm ak Libi, Yemenn ak Somali, li prezante kòm peyi ki gen pwoblèm teworis. « Nou sonje kijan mwen te rele yo? Peyi dechè », se sa li deklare, daprè rapò sou diskou a.
Pwojè lwa a, ki te prezante nan Sena ameriken an nan mwa jen, gen pou objektif egzije otorite imigrasyon yo bay Ayiti estati pwoteksyon tanporè (TPS). Jon Ossoff fè pati senatè ki soutni inisyativ sa a.















