Depi dimanch 18 oktòb, yon gwo deblozay pase Santo 19. Gang yo disparèt 4 sòlda etranje sou tèritwa peyi d Ayiti. Sa te pran mesye yo anviwon 72 èdtan avan yo te resi sòti yon nòt ak yon foto tèt anba. Depi aprè sa, se silans total, Fils-Aimé al fete nan peyi Meksik. Bukele ap kominike ak Washington paske se petèt la li wè l ka jwenn repons. Selon yon jenn politològ ayisyen ki se Esnold Juré, se yon wont pou se nan bouch Nayib Bukele ayisyen ap resevwa nouvèl sou Ayiti alòske gen ministè Defans, Zafè Etranjè, PNH, CSPN e menm yon diplomat ayisyen pa fè siy sou dosye a.
Sa ki parèt pi grav nan dosye a, Abinader gentan anonse li pake ak Bukele pandan okenn swadizan dirijan ayisyen pa di kisa yo menm yo fè















