Yon glisman tè frape Legliz Tabènak Roch Dans Haut, ki chita nan lokalite La Belle Place, 3ᵉ seksyon kominal Obè nan komin Pòdepè, lendi 20 jiyè 2026, pandan yon sèvis jèn t ap dewoule.
Daprè premye enfòmasyon plizyè medya lokal nan depatman Nòdwès la rapòte, omwen yon timoun 3 zan pèdi lavi li sou plas, pandan plizyè dizèn fidèl blese, kèk ladan yo grav, epi yo transpòte yo lopital pou resevwa swen.
Selon menm sous yo, trajedi a pa t koze pa lapli, men pa yon mas tè ki te detache sou yon pant epi ki tonbe sou tanp lan.













