Day: <span>July 20, 2026</span>

Challenge of ARIANA lanse ofisyèlman aswè a

Challenge of ARIANA, yon jwèt sou entènèt ki fèt pou timoun ak jèn yo, ap lanse ofisyèlman apati minwi. Jwèt la vize ankouraje kreyativite, aprantisaj ak devlopman pèsonèl, epi li disponib sou Google Play Store ak Apple App Store pou 11 dola ameriken. Revni jwèt la pral sèvi pou finanse pwojè Ariana, sitou inisyativ ki […]Lire plus...

2 polisye touye tèt yo nan mwens pase 24 èdtan

Brunel d’Haïti, yon ajan BOID, mete fen nan lavi li ayè dimanch nan aprèmidi. Kèk èdtan apre, lendi 20 jiyè 2026 la, Yane Fleurimis, ajan 4 ki afekte nan CERMICOL, touye tèt li tou. Tou 2 dram sa yo anrejistre nan komin Dèlma, pandan sikonstans ki antoure swisid sa yo poko konfime. Pou kounye a, […]Lire plus...

Wanament enstale nouvo katèl minisipal li

Yon nouvo katèl minisipal antre ofisyèlman an fonksyon nan Meri Wanament, lendi 20 jiyè 2026, nan kad yon remanyeman administratif. Hervé Pierre ak Adeline Joseph, ki te deja manm ansyen katèl la, kontinye nan nouvo ekip la, pandan Vilard Florvil se sèl nouvo manm ki antre. Jose TIDÉ, li menm, pa fè pati katèl la […]Lire plus...

Pòdepè : Glisman tè frape yon legliz, yon timoun mouri

Yon glisman tè frape Legliz Tabènak Roch Dans Haut, ki chita nan lokalite La Belle Place, 3ᵉ seksyon kominal Obè nan komin Pòdepè, lendi 20 jiyè 2026, pandan yon sèvis jèn t ap dewoule. Daprè premye enfòmasyon plizyè medya lokal nan depatman Nòdwès la rapòte, omwen yon timoun 3 zan pèdi lavi li sou plas, […]Lire plus...

Yon ameriken ki chwazi vin Ayiti dwe ekri testaman l

Se Depatman d Eta Ameriken ki soti kominike sa a pou tout resòtisan ameriken ki ta renmen vizite Ayiti. Tèlman gouvènman ameriken an kalifye Ayiti pou peyi pa bon, li mande sitwayen l yo ekri testaman yo, kite echantiyon ADN yo nan men yon pwòch e menm dosye dan yo pou si yo ta mouri […]Lire plus...

Espay ranpòte 2e Koup di Mond li sou Ajantin

Aprè 120 minit batay, ekip espanyòl la rive bat Ajantin 1-0 gras ak yon gòl Ferran Torres nan premye tan pwolongasyon an. Ajantin te lite pandan tout match la san li pa rive fè gwo diferans, epi li fini rankont lan ak yon jwè mwens apre yon katon wouj. Lionel Messi pa rive mennen Ajantin […]Lire plus...

Contact Us