Brunel d’Haïti, yon ajan BOID, mete fen nan lavi li ayè dimanch nan aprèmidi. Kèk èdtan apre, lendi 20 jiyè 2026 la, Yane Fleurimis, ajan 4 ki afekte nan CERMICOL, touye tèt li tou.
Tou 2 dram sa yo anrejistre nan komin Dèlma, pandan sikonstans ki antoure swisid sa yo poko konfime. Pou kounye a, se sèlman rimè k ap sikile sou rezo sosyal yo, san okenn kominike ofisyèl ki eksplike sa ki pase.
Brunel mouri kite yon pitit, tandiske Yane mouri kite 2. Anpil moun kontinye mande PNH bay detay sou koz swisid sa yo.













