Nan komin Lyankou Latibonit, iresponsablite gouvènman defakto a lakoz lapolis pran yon lòt gwo frap ankò anba men teworis Gran Grif yo. Anviwon 4 polisye UDMO pèdi lavi yo, gen 2 ladan yo bandi yo ap trennen atè tankou sak fatra. Nan menm atak sa a, gen yon blennde ki pase anba flanm dife. Nou aprann polisye ki te nan cha yo te pase plizyè èdtan ap mande ranfò.
Alix Didier Fils-Aimé, Normil Rameau ak manm KPT yo pa sispann voye polisye al jwenn Viv Ansanm.




















