Chèf gang Kraze Baryè a, Vithel’homme Innocent fè pati yon lis 10 fijitif FBI di l ap bouske ak zepeng nan mond lan. Otorite kay Tonton Sam fè konen chèf bandi Vitelòm responsab kidnaping yon koup ameriken, kote li te touye madanm lan nan mwa oktòb 2022. Daprè FBI, yo bezwen tout moun ede yo jwenn chèf gang lan yap jwenn yon prim pou sa.
Kesyon ki ta dwe al jwenn FBI la se sa a: èske yo pa konn kot Vithel’homme Innocent ye nan peyi d Ayiti ?




















