Nan sware jedi kite 17 jiyè pou rive jounen vandredi 18 jiyè 2025 lan, zòn Wout Frè, Pènye, Grasyen, Kago, Metivye, Ka May ak Dival nan 4e seksyon Bèlvi Lamontay, te gen yon tansyon egzajere. Gang kraze baryè a jwenn sipò 400 mawozo e vide kout bal devan dèyè. Nan lokalite Dival, plizyè kay boule e gen pou pi piti 3 moun ki mouri. Malgre tout apèl brigad vijilans yo te lanse pandan nwit la, PNH la pat janm entèvni ofisyèlman pou pote peyizan yo konkou.
Seri atak sa yo fèt aprè lapolis ak brigad fin pete fyèl dezyèm chèf gang Pènye 24 la ayè jedi a.




















