Sòti mwa me 2024 pou rive jodi a, IBC Airways voye 6 lèt bay responsab AAN yo pou yo jwenn otorizasyon pou yo ateri Okay, yo pa janm jwenn repons. Konpayi a fè konnen yo jwenn tout lòt otorizasyon, sèlman branch sa a nan aparèy Leta a ki pa vle reponn yo. Premye vòl Miami-Okay yo te prevwa pou mitan mwa jiyè 2025 sa a, se direktè AAN lan “Yves Ducarmel François ki anpeche sa fèt jis paske l ap pran gwo presyon nan men Sunrise Airways.
Devlopman peyi d Ayiti p ap posib si tout fwa nou pa retire sektè prive kriminèl sa a sou kou Leta.




















