Peniel Olibris, 34 lane ki se yon dyaspora ayisyen te jwenn arestasyon l an 2023 paske l te konn ap voye zam ilegal nan peyi d Ayiti. Zam sa yo se nan machin li konn voye yo Ayiti e li te voye 77 tip zam diferan selon enfòmasyon yo. Peniel te pase 12 mwa ak yon jou nan prizon federal pou krim sa yo avèk yon lane liberasyon sou kontwòl responsab yo. Yo deja voye misye bay ICE ki gen pou bouskile l an Ayiti.
Kesyon k ap poze, lè kriminèl sa a rive nan peyi d Ayiti se kisa lajistis pral fè avèk li?




















