Alix Didier Fils-Aimé, premye minis, Mario Andresol, Sekretè d Eta Sekirite Piblik ak ansyen direktè DCPJ a, Frédéric Leconte kite peyi a jounen vandredi 11 jiyè 2025 lan. Yo pral pase 3 jou nan peyi Etazini e objektif misyon sa a se pou yo kapab jwenn yon èd ki adapte nan matyè sekirite selon sa kotidyen Le Nouvelliste pataje.
N ap raple menm gouvènman sa a depanse plizyè milye dola pou yon konpayi ka fè pwopagann pou li devan Trump. Sanble sa pat mache.




















