Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki gen Fritz Jean nan tèt li a ekri Alix Didier pou l bay detay sou kontra ki siyen ant CPS ak APN pou 27 lane, kontra ki siyen ak otèl Oasis kote leta riske pèdi 17 milyon dola kòm aktif epi kontra ki siyen ak yon konpayi prive pou fè paspò. Manm KPT yo mete an dout itilizasyon dwon yo tou ki selon yo menm pa bay rezilta. Gen anpil kontra Alix Didier siyen anba tab ki pa respekte okenn nòm pasasyon mache.
Gouvènman an ak KPT a pa kanpe sou anyen pandan youn bezwen eksplikasyon nan men lòt.




















