Konfli sa a ki eklate a la ap bouyi kèk tan selon reyaksyon responsab djazz sa yo. Anndan bouch pa gou sa a, Richie lonje dwèt sou T-Joe ki selon sa l di, konn fè kèk deklarasyon ki manke Klass respè e ki menm vize detwi gwoup li a. Roberto Martino sou bò pal konfime yo konn fè traktasyon pou klass mal sonen nan bal yo jwe ak T-vice.
Depi plizyè jou, rezo sosyal yo chofe ak plizyè videyo kote chak chèf gwoup ap reponn lòt, swa sou paj ofisyèl yo oubyen nan entèvyou ak medya.
Seri konfli sa yo k ap plede eklate vire tounen ant gran tenò sa yo nan HMI la p ap mennen endistri a okenn bon kote.




















