Samdi kite 5 jiyè 2025, Eliov, yon polisye ki fè pati UTAG pèdi lavi l nan Latibonit. Byen bonè nan maten dimanch 6 kite jiyè a, yon ajan SWAT ki rele Olrich Joseph mouri Kenskòf e menm kote a, yon blennde lapolis boule. Sa rive paske teworis yo fè yon retounen an fòs nan divès kwen nan komin nan kote plizyè kay boule ankò.
Kisa ki lakoz PNH la paka mennen yon operasyon solid pou finalman bloke atoufè sa yo?




















