Paske Leta ap ayisyen ap travay an favè Sunrise ki se yon konpayi ki pa respekte okenn nòm nan zafè vwayaj, nèg ki nan gouvènman yo te fè tout sa yo kapab pou bloke IBC Airways, konpayi ayeryèn ki te debake Okay semèn pase a. Gouvènman an fè gwo presyon sou responsab konpayi sa a paske Sunrise pa vle gen konkiran nan peyi a, menm jan yo te bloke Aruba Airlines lan.
Konpòtman iresponsab sa yo montre aklè travay gang yo ap fè pou anpeche avyon ak machin fonksyone nan peyi a se nan avantaj yon ti gwoup moun sa ye.