Plizyè inite nan PNH la ap batay nan Kenskòf pandan tout sware madi 17 jwen an, malgre y ap mande ranfò, yo pa janm jwenn. Anpil polisye Kenskòf ap plenyen akoz bòykotaj Didier ap fè sitou ak dwon kmikaz yo. Didier gen 7 mwa nan Primati a, olye l bay rezilta se plis dega k ap fèt, se kès Leta k ap dechèpiye e se polisye ki kontinye ap mouri oubyen blese sou tèren.
N ap raple gen yon ajan UTAG ki sòti blese Kenskòf pandan atak yo.