Tout migran k ap travay nan zòn kote ki gen jaden yo, izin ki nan domèn pwason ak anbalaj vyann, restoran ak otèl dwe kontinye arete epi depòte selon dènye mezi DHS pran. Malgre Donald Trump te di pou ajan ICE yo pa kontinye arete kategori migran sa yo menmsi yo ilegal, sa pa anpeche otorite DHS yo kontinye travay yo jan yo te mande sa a.
Selon New York Times, kanpay depòtasyon an mas yo afekte endistri agrikòl yo anpil.