Gran TikTokè italyen ki gen orijin senegalè, Khabane Lame, 25 lane sibi arestasyon ak depòtasyon vandredi 6 jwen 2025 lan nan peyi Etazini. Polisye imigrasyon yo arete jèn enfliyansè a nan ayewopò entènasyonal Harry Reid nan Las Vegas paske li ta vyole lwa imigrasyon USA. Selon rapò otorite ICE yo, Khaby Lame te depase tan li dwe fè sou tèritwa tonton Sam nan .
Antouraj tiktokè a poko reyaji sou arestasyon sa a, selon medya yo.