Minis Jenès Espò ak Aksyon Sivik la Niola Lynn Sarah Dévalis Octavius pat mete prent pye l nan seremoni drapo a dimanch 18 me pase a nan vil Okap. Poutan, se madanm nan ki te dwe jwe wòl kòdonatris seremoni e se li menm ki te anonse se 400 milyon goud k ap depanse nan tout peyi a pou fèt drapo a. Akoz yo pat wè prezans li Okap, Primati konvoke madanm nan pou l vin di ki kote l te ye e poukisa l pat di li pa t ap la.
Minis Espò a mawon pandan yo panse se li ki ta pral fè diskou pou demare seremoni an nan vil Okap.