Selon mèt Guerby Blaise, se nan laprès Stéphane Vincent, ansyen direktè Biwo imigrasyon ak emigrasyon aprann non l sòti nan yon rapò sou kòripsyon. Selon mèt Guerby Blaise ak Fanfan Guérillus, kliyan yo a pa gen anyen pou wè ak sa rapò a di yo e anplis, yo fè konnen ULCC vyole dwa Stéphane lè yo pa enfòme l de dosye a.
Avoka yo deja adrese yon korespondans bay pakè Pòtoprens sou afè sa a.