Selon biwo Kominikasyon ansyen lokatè Mezon Blanch lan, Joe Biden ap soufri ak yon kansè pwostat ki nan wo nivo. Selon medsen yo, kansè a nan nivo 5. Pou kounye a, y ap evalye l sou pwoteskyon fanmi l men l ap soufri anpil. Malgre maladi a grav, medsen yo di yo rete pozitif paske kansè a kapab trete kanmenm. Anpil moun deja ap voye anpil mo rekonfò pou ansyen prezidan an.
N ap raple Joe Biden te kite Mezon Blanch lan ak 82 lane e se te prezidan ameriken an fonksyon ki te pi granmoun.




















