Santiago Riverón ki se premye sitwayen nan vil Dajabón bay ayisyen ki san papye yo 5 jou sèlman pou yo retire kò yo. “Si yo degaje yo retire kò yo, nenpòt sa ki rive yo se pa sou kont responsab vil la” se nan tèm sa yo majisra a pale konsènan ayisyen ki ilegal nan anviwonman pa li a. Yon sitiyasyon k ap vin agrave pi plis chak jou pou ayisyen yo kote menm kout wòch y ap resevwa anba men ajan imigrasyon yo.
Jiskaprezan, nèg ak fanm k ap dechèpiye kès Leta yo pa janm panse ak konpatriyòt sa yo ki nan gwo danje lakay vwazen.