Doktè La Nadia Phaïmyr Jean Charles mouri tchake ak plizyè kout kouto anndan lakay li nan Dèlma 75 ayè samdi 10 me 2025 lan. Viktim nan se yon pwofesyonèl “ epidemyolojis ” ki te angaje l anpil nan sante piblik. Selon enfòmasyon k ap sikile, tout rès moun ki te nan kay la yo jwenn yo mare ak plizyè kòd pandan medsen an li menm yo asasinen l.
Yon lòt pèt ki peze lou sou sistèm sante a nan peyi d Ayiti.