Aprè peyi Etazini, youn nan peyi kote asasina a te planifye yo ki gen kèk grenn enkilpe k ap bwè prizon, an Ayiti poko gen bagay konsa. Tout sispèk potansyèl yo, sa ki nan lari oubyen nan prizon ap eseye dechaje yo de dosye a. Madanm prezidan an li menm pa vle kolabore paske lè l pa malad, li bay rezon ensekirite pou l pa pale ak lajistis peyi l. Kolonbyen ki nan prizon yo fè konnen se pa yo menm ki te asasinen l okontrè lè yo rive a, Jovenel te deja mouri.
Grenn kesyon k ap poze jis jounen jodi a se: kiyès ki te wete lavi prezidan an nan lannwit 6 pou bout 7 jiyè 2021 an?




















