Plizyè militè ameriken, yon jou avan selebrasyon batay Vètyè a 18 novanm deplòtonnen nan kapital la. Selon yon kominike anbasad amerikèn mete deyò, militè sa yo vini pou ogmante sekirite misyon diplomatik yo a. Yo di yo la tou pou soutni Lapolis Nasyonal d Ayiti ak lòt fòs k ap lite kont krim òganize.
Militè sa yo rive sou demand anbasad amerikèn selon enfòmasyon yo.





















