Jacques Berny, yon depite Repibliken nan Eta Florid vini ak yon pwopozisyon lwa pou fini ak migran yo nèt. Selon lwa Jacques Berny an, okenn migran ilegal pa dwe vin pwopriyetè kay, entèdi yo voye lajan nan lòt peyi, entèdi yo gen kont bankè, entèdi yo jwenn konpansasyon travayè, ogmante penalite pou biznis ki bay migran ilegal travay, elatriye.
Jacques Berny sa a se yon ameriken nwa ki te sòti Ayiti.





















