Non bato sa a USS Stockdale se yon gwo bato lagè ameriken ki gen plizyè wòl li ka jwe selon ekspè ki deja wè l nan lanmè Pòtoprens lan. Li gen 2 lòt bato Gad kòt Ameriken ki akonpanye l tou. Bato sa a se youn nan sa Donald Trump te lage nan lanmè Karayib la depi kèk jou. Avan 7 fevriye 2026 la, jou sousou ki nan KPT yo dwe ale a, militè meriken ap fè patwouy nan zòn nan.
Se yon sinyal klè ameriken ap voye la a pou montre yo gen kontwòl peyi a.





















