Sephora Anne-Mircie Joseph, pitit Lovelie Joseph pèdi lavi l 14 novanm 2025 lan nan yon pisin nan yon lekòl Santiago, an Repiblik Dominikèn. Selon enfòmasyon k ap sikile, otorite jidisyè yo pa vle montre manman Sephora imaj kamera siveyans kote ti moun yo te ye a pou l ka konn sa k te pase a. Anplis de sa, ministè piblik kenbe rezikta otopsi a li poko vle lage l.
Manman Sephora enkosolab e l poko jwenn asistan pèsonn pou l travèse moman difisil sa a.





















