Wilanda ak Wisterline se idantite 2 ti moun yo jwenn ki mouri asasinen anba kout wòch ak lòt zam blanch nan lokalite Kafoudèl, zile Lagonav. Selon manman yo Roselor Stimphil ki pat prezan nan moman dram san parèy sa a, li jwenn kay li kase epi l pat wè ti moun yo. Se ak anpil dezolasyon yo ta pral jwenn kadav ti lezanj yo krabinen ak kout wòch.
Selon kèk medya lokal, kay sa a te deja gen menas sou li paske yo te touye chen nan lakou a deja.





















