Yon jèn gason ki idantifye sou non “Matchatcha”, yo akize kòm yon vòlè, resevwa plizyè kout manchèt nan Site Planto, Wanament, aprè li ta fin vòlè plizyè telefòn moun ki t ap deplase pou al travay nan zòn franch Kòdevi. Daprè enfòmasyon ki disponib, se aprè vòl la jèn gason an te pran plizyè kout manchèt la.
Se pa premye fwa vòlè ap pran telefòn moun k ap pase nan Site Planto, sitou moun k ap deplase bonè pou al travay nan zòn franch Kòdevi.













