Prezidan Donald Trump kontinye akselere politik migratwa li a. Responsab yo nan USCIS gen responsablite pou chache jwenn detay sou migran ki gen kat rezidans, ki kote yo sòti e poukisa yo gen rezidans. Se 19 peyi ki konsène pa mezi sa a pami yo: Afganistan, Bimani, Tchad, Iran, Libi, Ayiti, Somali, Soudan, Kiba pou n site sa yo ase.
Selon responsab USCIS yo, ankèt sa yo kòmanse imedyatman anons lan fèt la.





















